Lapolis nan 2èm vil peyi Dayiti fouke yon manm gang Kokorat San Ras.

920

04 – 18 – 2024

Kap-ayisyen, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis nan vil Kap-Ayisyen mete anba kòd Lucien Nixon, alyas Ti Plimo, yon manm aktif gang Kokorat San Ras kap opere nan depatman Latibonit.

Nan moman arestasyon an, anketè SDPJ Nò yo fè konnen yo poze lapat sou chèf gang Ti Plimo ak anviwon 1 milyon 12 mil nèf san senkant goud, sou yon total 2 milyon goud li ta resevwa pou achte zam ak minisyon pou baz la.

Gwo kout filè sa a, rive fèt nan zòn Boulva Kap-Ayisyen an gras ak vijilans lapolis nan tèt kole ak jij Depè Nò a ansanm ak komisè gouvènman pakè Kap-Ayisyen an, Mèt Charles Edouard Durand.

Comments are closed.