Pòdpè: Plis pase yon santènn moun pran fòmasyon sou kòman pou pare kou fas ak malè pandye natirèl ak jesyon

11\07\20
Pòdpè____(TRiboLAND) Nan kad pou ede depatman Nòdwès fè fas kare ak katastròf natirèl ak jesyon okipasyonèl sòl, program PMSAM la nan tèt kole ak PNUD e UE, deside pase anba fòmasyon plis pase yon santènn moun sou kòman yo dwe fè prevansyon ak jere risk malè pandye natirèl yo tankou: siklòn, tranblemanntè, inondasyon, deboulonnaytè, tsunami ak elatriye.
Konsa, pou anpil moun, se yon fòmasyon ki ta dwe angaje leta, desidè yo, eli lokal yo, azèk, kazèk, majistra an patikilye.
Pou direktè planifikasyon branch nòdwès la, Msye Henry Kesly Amency, program saa se yon mwayen ki pral ede yo rezoud problèm malè pandye natirèl yap konfronte nan depatman nòdwès la notamman nan vil Pòdpè.

Sepandan, pou direktè depatmantal la, malgre aktivite sa ke yo angaje ak enterese planifikasyon yo, sa pa anpeche direktè a deklare ke li pa enfòme sou zafè operasyon finansyè a.
Yon projè ki te debite depi nan lane 2017 pou al bout 2020, te trouvel nan difikilte egzekisyon akòz enstabilite politik mete sou pandemi korona viris. Pou fòmatè yo, atelye travay yo rebalanse wè pa wè, program fòmasyon sa a ap fini nan mwa jwiyè 2021.
Hyppolite Genson, TRiboLAND






