komite pawas Nòtre Dame Mont-Carmel Glasi Kouwo, prezante movèz sitiyasyon dispansè kominotè a ak sant menajè a ap fè fas.

749

04-18-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès, komite pawas Nòtre Dame Mont-Carmel Glasi Kouwo 3èm seksyon Dègranj, prezante move sitiyasyon dispansè kominotè ak sant menajè a. Aprè plis pase 10 lane gwoup bandi ki te gen nan tèt li Erik Pwospè te mete dife, boule ak kraze tout byen ak edifis ki te kapab sèvi kominote a.

Dispansè pawas la, tadwe konsidere kòm pi gwo richès kote moun ap viv; alòske l’ap fonksyone ak yon sèl mis pou yon popilasyon plis pase 5 mil abitan. Yon sant pwofesyonèl kote jèn yo te konn aprann kèk metye manyèl, kraze depi plizyè lane. Se pou montre w moun nan kominote sa a lage ak depla men yo. Selon mis Renita, kondisyon kay ki loje dispansè pa reponn ak nòm ijèn yo epi kantite medikaman yo ensifizan; gen kèk menm se ak gwo difikilte pou yo jwenn yo akòz kriz ekonomik popilasyon an ap viv la a.
Komite a, ap mande responsab yo nan ministè sante piblik (MSPP) pou entèvni rapid pou yo, paske lasante se richès epi Konstitisyon peyi a bay dwa sa. Aprè yon delè 3 mwa, popilasyon an konte foule beton an pou fòse leta gen ti kal san wont ak responsabilite.

Comments are closed.