Nan sousi pou bay sèvis laswenyaj jarèt nan lopital Jeneral Sentantwann nan Jeremi, minis Sante Piblik ak Popilasyon an ranfòse resous imèn yo.

Jeremi, Ayiti_____TRiboLAND) Nan sousi pou remanbre sistèm sanitè a nan depatman Grandans lan, minis Sante Piblik ak Popilasyon an, doktè Sinal Bertrand via direktè depatmantal sanitè Grandans lan, doktè Pierre Boutròce Gally ak katòz diferan medsen espesyalis, jwenn lèt afektasyon yo nan lopital referans depatmantal Sentantwann lan.
Nan menm okazyon an, plis pase yon dizènn pwofesyonèl sante jwenn lèt pwomosyon yo. Se yon seri moun ki tap travay nan depistaj plizyè lane. Directè depatmantal lan, doktè Pierre Boutròce Gally swete kad pwofésyonèl sanitè sa yo, travay pou bay popilasyon grandanslèz sante san fòs kote.