Bandi ame boule yon senkantèn kay nan lokatite Latigo e touye plis pase yon dizènn moun.

922

04 – 18 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Yon karantènn fanmiy kouri kite lakay yo nan Latigo, vinn pwan refij yo nan Meri Jeremi an, prè bandi te finn touye ak bal e kout manchèt yon dizènn moun, e menm arive boule yon senkantèn kay.

Zak sa yo enskri nan kad ensekirite jeneralize peyi ap viv depi kèk tan. Peyizan viktim sila yo ki debake nan lokal meri Jeremi an, ak yon sèl rad sou po kò yo, t’ap mande refij ak asistans. Majorite viktim yo konpoze: jenn gason, jènn fanm, fanm ansent, ti bebe ak granmoun.

Se konsa, Konsèy Meri Jeremi an, te oblije al ebèje yo nan yon espas nan zòn Chato. Nan yon ti bout tan aprè, kèk moun nan zòn Chato, pat pran tan pou te deloje viktim yo ak kout wòch; yon konpòtman kriminèl ke anpil moun denonse e mande otorite konsène yo asime responsablite yo. ‎

Comments are closed.