Gwo van panik nan sant sante Ansafolè a

0 523

Ansafolè___(TRiboLAND) Maten Lendi 20 janvye 2020 an, yon gwo van latroublay rive mete tèt anba pasyan, medsen, enfimyè ak pèsonèl lopital la Ansafolè a.

Boutèy ak pawòl piman bouk tap lanse pasi pala anndan lopital la. Alabaz koze sa, ta sanble dapwè kèk moun ki tap travay jou sa a, yo voye lèt revokasyon pou miss ki pi ansyen nan sant sante a, nou vle pale de Miss Ludette Orasmy.

Lèt sa a, ki ta sanble tèt koupe ak yon revokasyon maltaye dapwè moun sa yo ki tap manifeste mekontantman yo, pou defann Miss Orasmy ki gen plis pase 35 lane depi ke leta te nome li kòm pwemye anplwayè lopital la. Manifestan yo menase pou bloke aktivite lopital la si tout fwa pa ta gen anyen ki fèt pou remedye a sitiyasyon an. Malad, pasyan, timoun ki te vinn pran swen te oblije kraze rak pou evite yo viktim anba kòlè moun kap pwoteste yo. Kesyone nan mikwo TRiboLAND, miss avèk medsen sèvis la pat vle fè okenn deklarasyon.

Antouka, tout bagay sa yo tap pase pandan absans Miss Ludette ki pat disponib pou founi plis enfòmasyon bay TRiboLAND. Plizyè miray sant sante a te gentan badichonnen ak graffiti ki endike “35 lane pa 35 jou.” Sepandan, kèk sitwayen ki te sou plas deklare ke yo pa konnen kote sa ap rive!

Yon bout tan apwè leve kanpe yo te rafwedi, yon kalm aparan pat pran tan apwè ke manifestan yo tap mande MSPP pou aji vit e pwese nan sa ki gen pou wè avèk solusyon sitiyasyon an. Victor Jn Era, TRiboLAND

Leave A Reply