Kazèk 3zyèm seksyon kominal Previl la, poze pwoblèm bandi ame ki anvayi seksyon an.

816

04 – 18 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Kòdonatè Kazèk twazyèm seksyon kominal Jeremi an, Dechenot Lëo mande lapolis ak lajistis mete polisye nan sou komisarya Previl la, yon fason pou garanti sekirite peyizan yo.

Kòdonatè Kazèk twazyèm lan, fè konnen pandan peryòd sa a, genyen anpil nèg ak zam ki debake nan zòn lan, volè bèf ,kabwit, kochon, chwal ak bourik peyizan yo, san konte lòt fòm vyolans bandi sangwen yo ap egzèse nan rejyon an.

Comments are closed.