Sekretè jeneral VHDH la nan Komin Tigwav, salye rapò piblikasyon CSPJ a sou rapò sètifikasyon majistra ayisyen yo.

88
0
Share:
TRiboLAND

10 – 12 – 2026

Tigwav, Ayiti_____ (TRiboLAND) Sekretè jeneral òganizasyon Vizyon Ayisyèn dwa moun, nan komin Tigwav (VHDH), mèt Jules Romilus, nan yon interview li akòde ak laprès jodi lendi 12 oktòb 2026 lan, nan lide pou salye piblikasyon rapò sètifikasyon konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) sou majistra yo, li deklare ke genyen 119 majistra ki jwen sètifikasyon yo epi 17 lòt ale sou ban touch nan sistèm jidisye ayisyen an, pou absans entegrite moral, rizyèz ak fo papye.

Militan VHDH la ki di, malgre dout ki plane sou pwoteksyon yon seri majistra ki trè dekriye, li di ki antan ‘n pou yo chwazi reprezantan yo pou pwoteje yo nan CSPJ. Pandan li fè konnen jistisyab yo kontinye ap tan’n reyaksyon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè sou ansanm plent ki depoze ak prèv ki rete san repons. Mèt Jules Romilus pwofite okazyon pou raple federasyon Bawo Dayiti (FBH), se yon espas ki mande moun ki moral, yo dwe gade non yo ak diyite yo.

Li fè kwè majistra ke yon chase nan sistèm nan pou move zafè, pa dwe entegre nan bawo yo an kachèt. Pou li menm, motif CSPJ evoke pou mete yo sou kote , li jis. Li fè konnen ke majistra sa yo, se ransonnman, konivans ak gang epi van’n jistis pou lajan.

Toutfwa, responsab Vizyon Ayisyèn dwa moun nan, mèt Jules Romilus mande Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) ak minisitè lajistis pou ran’n sèvis enspeksyon jidisyè yo operasyonèl nan tribinal yo, nan Kou yo ak nan pakè yo nan tout 20 jiridiksyon peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply