Aprè fen manda ti rès sena a, Kowalisyon pou Sove Komin Tigwav gen gro dout sou avni peyi a.

01-03-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Pòtpawòl Kowalisyon pou Sove Komin Tigwav, Berthony Borgella nan yon entèvyou ak laprès jounen madi 4 janvye 2023 a, deklare li genyen gwo kè kase pou aveni peyi a. Dout sa yo plane, se akoz pa genyen okenn otorite lejitim nan enstitisyon piblik yo.
Pòtvwa Kowalisyon pou Sove Komin Tigwav, kritike premye minis defakto Ariel Henry, li di ki pase plis pase yon lane sou pouvwa a; li pa fè anyen pou òganize eleksyon yon fason pou dote peyi a, otorite lejitim ki kapab komanse remanbre enstitisyon yo.
Berthony Borgella denonse akò 21 desanm 2022 pase a, epi voye li jete byen lwen nan poubèl; li ankouraje pou genyen akò lajman laj ak tout sektè politik, kap mennen yo nan eleksyon prese-prese pou rezoud kriz la ki twò dire nan peyi a.
JOICY Arnold






