Depatman Grandans : Dràm mare senti nan komin Koray

136
0
Share:
TRiboLAND

05 – 05 – 2026

Koray, Ayiti______(TRiboLAND) Nan komin Koray, zòn dezyèm seksyon, nan lokalite Nan Twoupo, nan dràm mare senti plonje tout abitan nan katye Karay nan gwo konstènasyon ak endinyasyon jeneral. 3 ti lèzanj, yon ti gason ak 2 ti fiyèt arive mouri nwaye.

Dràm sila ki revòlte konsyans anpil moun nan popilasyon an, pa ezite lonje dwat jouda sou fanmiy ti sila yo ke yo rann responsab triloji lanmò sila, ki se yon kou di pou tout moun nan rejyon an.

Anpil moun pa manke kritike fanmiy timoun viktim yo. Yo kalifye yo kòm moun ki pat ko pare pou mete timoun sou tè a. Yo deklare ke paran yo ta sanble genyen gro responsabilite nan lanmò ti inosan yo ki te anpann sipèvizyon parantal.

Fas ak yon parèy dràm, òganizasyon dwa moun yo nan kominote Koray lan, egzije lajistis pou mennen bonjan ankèt pou detèmine vrè kòz lannmò twa timoun yo. Pou kèk moun nan sosyete grandanslèz la, fok leta ayisyen sansilizasyon paran, fanmiy responsab, e menm timoun nan kad mete sou pye yon seri pwogram sosyàl sou pye nan objektif pou pwoteje lavi chovi yo, ki se lavi demen.

Share:

Leave a reply