Lapolis nan depatman Nòdwès la enstale katèl yo nan 4èm seksyon Mawotyè pou konbat bandi sangwen

897

04 – 17 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan UDMO yo nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, oblije plante pikèt yo chak vandredi nan mache Bochan, 4èm seksyon Mawotyè, komin Pòdpè, nan lide pou veye bandi ak vòlò k ap dechèpiye ti machann yo.

Dapwè deklarasyon kòdonatè KAZÈK Mawotyè a, Ervilus Momus ki t ap pale nan mikwo laprès an prezans polisye yo nan mache Bochan an lakòz, tout bandi ak vòlò kraze rak e rann ti machann yo rale yon souf.

Plede anfavè aktivasyon yon pòs Polis nan seksyon kominal la, kòdonatè KAZÈK la mande ak komisè divizyonè Clivens Cetoute, enstale kèk grenn polisye anba a nan kanton an.

Comments are closed.