Yon lòt manifestasyon Fantom 509 fè plizyè anplwayè leta leve kouri

0 354

Pòtopwens____(TRiboLAND) Mesye dam “Fantom 509” okipe divès riyèl nan Pòtopwens jodi 11 Me 2020 yon fason pou yo kontinye reklame liberasyon yon polisye ke responsab yo plase nan izolman sou akizasyon aktivite kidnapping nan komenn Kafou.

Pandan ke Fantom yo ap eseye rasanble nan zònn Delma, plizyè anplwayè nan divès enstitisyon piblik te oblije leve kouri kite travay yo yon fason pou yo mete yo alabwi de mouvman fantom 509 la, ki chak fwa li soti li fè anpil dega.

Anplwayè nan Direction Générale des Impôts (DGI) melanje ak anplwayè Minis Ekonomi ak Finans se pami enstans ki kouri mache pòs yo pou Fantom 509 yo.     

Leave A Reply