Direktè depatmantal PNH branch Nòdwès la vizite premyè seksyon kominal Lakoma.

802

04 – 16 – 2024

Jan-Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad pwogram “Polis – Popilasyon” an, direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, Mesye Clivens Cetoute, vizite premyè seksyon kominal Lakoma, sou komin Jan-Rabèl.

Nan sans sa a, yon delegasyon ki te genyen divès pèsonalite tankou, Kòmandan Jean Mary Rochenel, enspektè Caleb Bissainthe, poun site sa yo sèlman, rankontre ak divès pèsonalite nan plizyè lokalite nan seksyon an.

Objektif seri rankont sa yo rive òganize, nan lide pou anpeche fenomèn ensekirite a pran jarèt nan depatman Nòdwès la.

Comments are closed.