Gouvènman demisyonè Ariel Henry a finalman deside pibliye dekrè sou kreyasyon krèy prezidansyèl la.

791

04 – 12 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Nouvèl la tonbe tankou kout zèklè. Patrick Boisvert, ki tap lide zafè kourant pou gouvènman defakto Ariel Henri a, deside finalman pibliye dekrè sou kreyasyon ak estrikti òganizasyon krèy prezidansyèl la, apremidi vandredi 12 avril 2024 la.

Anpil enfòmasyon ap sikile atravè rezo sosyal yo pou ta fè kwè, chak ansyen minis defakto sou gouvènman demisyonè a ta resevwa anviwon 4 milyon goud kòm prim reparasyon.

Dilatwa sou dilatwa, finalman dekrè pou legalize krèy prezidansyèl la, deja parèt pwent tèt li nan jounal ofisyèl peyi a, annatandan enstalasyon yo nan palè Nasyonal.

Comments are closed.