Ensekirite a pa kite dèyè sèktè jounalis la: Vario Sérant pran plizyè bal bandi sangwen

315

12/30/20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Daprè enfòmasyon rekeyi atravè AlterPresse, jounalis, pwofesè e galman manm fondatè group Médialternatif ou otè yon liv ki entitile: “Sauver l’information en Haiti”, Vario Sérant pran plizyè bàl bandi sangwen ki pa idantifyàb nan lendi swa 28 desanm 2020 nan moman li te sou machin li.

Jounalis la blese, men kondisyon sante li nan yon eta ki trè stab. Sepandan, yon lòt moun ki te akonpanye’l nan machin nan te arive blese egalman, men pa arive chape aprè ke yo te kouri transpòte’l nan yon sant ospitalye nan kapital la.

Vario Sérant te yon jounalis prezantatè nan Radyo Kiskeya e l’ap dispanse aktyèlman kou jounalism depi konbyen lane nan fakilte syans imènn nan Pòtoprens. Li klè pou tout moun ke bandi ak kidnapè kap prandwòg e touye moun nan peyi a montre aklè yo fè alèji ak moun ki eduke.

Comments are closed.