Arestasyon ansyen Direktè Jeneral Ministè Kilt la, Evens Souffrant, nan Akayè

Akayè, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan komin Akayè fè konnen yo mete anba kòd ansyen Direktè Jeneral Ministè Kilt la, Evens Souffrant, jedi 28 dawout 2025 la, nan kad ankèt ki gen rapò ak dosye trafik zam ak minisyon kote plizyè manm Legliz Episkopal Dayiti ta enplike.
Dapre premye enfòmasyon ki disponib, arestasyon an fèt nan yon operasyon ki te mennen pa inite espesyalize nan PNH lan. Otorite yo di Evens Souffrant te deja site nan rapò jistis ak lapolis depi plizyè mwa, e non li te deja mansyone nan kesyon entèdiksyon sòti peyi a.
Sous lapolis yo fè konnen mesye Souffrant pral kondwi devan tribinal pou-l reponn kesyon sou zak li ta enplike ladan yo, sitou nan transfè ak distribisyon zam ak minisyon ki tap sikile nan non Legliz la.






