Lapolis anonse konstriksyon plizyè komisarya nan Nòdwès: bandi yo gen 2 chwa : Prizon ou Semityè

240

01/12/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen madi 12 janvye 2021 an, direktè depatmanntal Polis Nòdwès la, Komisè Daniel Compère, anonse divès mezi PNH/NO deja anvizaje pou pèmèt lòd ak lapè retounen nan plizyè komin depatman Nòdwès la, kote bandi pa sispann touye, vyole, ensandye answit piye malere ak malerèz prensipalman nan komin Sen Lwi Dinò.

Direktè Daniel Compère anonse tou konstriksyon divès komisarya nan plizyè zòn estrateji depatman Nòdwès la pou rive trake tout malfwa ak gwo bandi notwa ki abitye simen dèy nan mitan popilasyon an. Nimewo I Polis Nòdwès la, voye mesaj pinga seren bay tout bandi sangwen pou di yo chèche yon lòt metye pou yo fè sinon yo gen 2 chwa : prizon oubyen simetyè.

Fòk nou di Komisè Daniel Compère te enstale nan tèt direksyon depatmantal Polis Nòdwès lan nan dat 29 desanm 2020 an. Depi aprè enstalasyon l, bandi ak zàm deja touye 11 moun nan 2 komin depatman nodwès la: 10 nan komin Pòdpè ak youn nan komin Basen Ble.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.