Lil Avach: Lapolis poze lapat sou yon trafikan dwòg yo tap chèche depwi 2016

0 569

Lil Avach, Okay ____(TRiboLAND) Avèk konplisite UDMO nan depatman Sid la, ajan BLTS yo arive mete anba kòd Jean Delens Loubeau jodi Samdi 11 Avwil 2020 an nan Lil Avach.

Dapwè otorite lajistis yo, Jean Delens Loubeau se yon trafikan dwòg notwa ke yo tap chèche tankou chyen fou depwi lane 2016. Li fè pati yon rezo trafikan dwòg ilegal kap opera nan depatman Sid la.

Nan moman operasyon an, fòs lòd yo te jwenn bonjan resistans bò kote popilasyon an ki te kanpe ankwa devan arestasyon sila. Konsa, ladrès ajan UDMO ak BLTS yo te arive gen kontwòl sitiyasyon e pwosede ak arestasyon pwezime koupab la.

Nap raple, entèvansyon sa te fèt anba lobedyans Komisè Gouvènman Okay la, Mèt Ronald Richmond. Konsa, entèvansyon chèf lòd yo arive sezi 3 motosiklèt ak yo magogo lajan ayisyen ak dola vèt US.

Leave A Reply