Bandi ame piye plizyè antrepriz komèsyàl ant komin Delma ak Site Solèy

581

06/18/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Batay ak zak vyolans san rete gang sangwen yo ap rapouswiv atravè kapital la jodi vandredi 18 jwen 2021 an, patikilyèman nan Ba Delma ak Site Solèy. Anpil moun te kapab konstate nan sware jedi 17 jwen 2021 an, yon latriye bandi ame ki fè pati zantrày G-9 an fanmiy ak alye ki tap seme latèrè nan Ba Delma ki okazyone lanmò yon ajan CIMO ki pote non Limage Gasley. Yo egalman ansandye yon kan soudè ki lokalize sou ansyen teren aterisaj avyasyon sivil la, nan blòk Site Solèy.

antrepriz

Kanta pou jodi vandredi 18 jwen an, anpil gwo kout zàm manman benba anrejistre, anpil tikay ansandye e abitan yo ki ozabwà lonje dwàt jouda sou manm G-9 ki genyen nan tèt li Jimmy Cherisier alyas “Barbecue”, alye pouvwa defakto Jovenel Moise la. Alòske plizyè zak piyaj anrejistre nan plizyè antrepriz kòmèsyàl nan zòn Ba Delma ak nan Estasyon Gonaiv la nan komin Site Solèy.

Moun kapab obsève operasyon piyaj nèg ame nan Mache Ti Tony ki se pwopwiyetè Anthony Benett. Moun sou moto ak sak diri, kès pwovizyon alimantè sou tèt piyajè, se ansanm aktivite vyolans piyaj nèg G-9 ap pèpetre sou popilasyon an patikilyèman nan zòn estasyon Gonaiv, Delma 2, 4, ak 6.

Comments are closed.