Lapolis nan vil Gonayiv poze lapat sou yon manm aktif baz Kokorat San Ras k ap opere nan Lakwa Peris.

799

04 – 14 – 2024

Gonayiv, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan PNH yo nan vil Gonayiv anonse yo mete men sou Genèse Jean, yon manm aktif baz kokorat san ras kap opere nan Lakwa Peris, depatman Latibonit.

Genèse Jean


Enfòmasyon korespondan TRiboLAND rive rekeyi bò kote ajan PNH yo fè kwè, yo genyen plis pase 6 mwa depi yo desène yon manda rale trennen vini dèyè Genèse Jean pou kòz asosyasyon malfektè ak lòt zak malonèt ankò.

Pou koulya, orojinè 3e seksyon Boyonè a, kise prezime gang Kokorat San Ras la ap reponn kesyon SDPJ nan site Lendepandans peyi a.



Comments are closed.