Kòdonatè MOLHA a kondane ak tout fòs li arestasyon ilegal ak gwo ponyèt ki fèt sou ansyen senatè Nenel Cassy nan vil Miragwàn jodi a

444

*Pòtoprens, jou ki 21 janvye 2021*

Kòdinasyon Mouvman pou Liberasyon Ayiti a kondane ak tout fòs li arestasyon ilegal ak gwo ponyèt ki fèt sou ansyen senatè Nenel Cassy nan vil Miragwàn jodi a. Zak sila montre klè kou dlo kokoye ke pouvwa sa pa gen ankenn limit la Lwa e pa gen anyen pozitif pou peyi a ke nou ka espere de li.

Nenel Cassy se yon lidè politik ke lemond konnen, yon ansyen senatè e manb enfliyen nan opozisyon demokratik lan. Si yon moun konsa pouvwa ilegal la ka fè represyon sou li, nou pa bezwen mande pou yon militan òdinè. Pandan nap mande liberasyon san kondisyon ansyen senatè a ak tout militan yo arete nan kad batay pou chanjman an, nap mande popilasyon an pran responsabilite pou bay tout foli diktatè repons ke zak yap poze yo merite.

Zak santidi sa a enskri dwat nan tantativ pou mete baboukèt nan bouch opozisyon an. Nap raple apranti diktatè Jovenel Moïse ke chemen sa a pap ka ba l rezilta, okontrè lap kontinye agrave sitiyasyon an. E moun ki kite tèt yo gwo, konprann ke yo ka kontinye nan ilegalite dwe aprann ke wout sa yo pap janm bon pou sosyete a.

Batay pou fini ak diktati sa ki vle boujonnen an pap kanpe. Pou sa, nou fè apèl ak pèp souvren an pou mobilizasyon jeneral nan peyi a pou fini yon fwa pou tout ak otokrasi ki vle tabli nan peyi d’Ayiti.

*Dr Evallière BEAUPLAN, Kòdonatè MOLHA*

Comments are closed.