Pati Politik Inovasyon branch Nòdwès mande kominote entènasyonal la sispann bay Ayiti dikte.

737

04 – 14 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon pwen deprès direktwa Pati Politik Inovasyon branch Nòdwès la bay jounen dimanch 14 avril 2024 la, li mande kominote entènasyonal la, patikilyèman KARICOM ak Anbasad peyi blan meriken sispann bay Ayiti dikte nan kreye enstabilite politik.

Responsab direktwa Nòdwès la ki t ap pale fè konnen, depi apre lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse, peyi a plonje nan yon kawo san parèy. Akize chèf gouvènman demisyonè a Ariel Henry, responsab Inovasyon yo mande ak rès moun ki la yo, pou yo sispann fè dilatwa paske peyi a pa yon savann.

Plede anfavè Konstitisyon 1987 vèsyon kreyòl ki pa amande a, direktwa Pati Politik Inovasyon yo envite gouvènman demisyonè Ariel Henry a pran chimen Lakou Kasasyon pou rezoud kriz peyi Dayiti a.

Comments are closed.