Lapolis fouke yon prezime kidnapè yo tap chèche tankou chyen fou.

1,024

02-11-2023

Alexandre Athazard

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Sa fè yon bon bout tan, fòs lòd yo nan peyi Dayiti tap miltipliye bwas pou arive poze lapat sou Alexandre Athazard, yon prezime kidnapè key o tap chèche tankou chyen fou.

Selon enstitisyon polis la, Alexandre Athazard  jwen arestasyon li jodi samdi 11 fevriye 2023 a, nan Delma 32, nan moman yon gro operasyon tranble janm fòs lòd yo te antrepran. Yo repwoche prezime malfektè dèske li se yon gro teknisyen nan kidnape plis pase yon douzèn sitwayen ayisyen atravè kapital la.

Lapopo estime, se yon gro kout file, lè yo arive pran Mesye Athazard pa aza nan nas lajistis.

Comments are closed.