Kafou ensekirite: Gang sangwen ak zam pèsòn pa rive idantifye vide bal sou responsab otèl “Le rendez-vous” epi kidnape Madanm li.

783

04 – 14 – 2024

Kafou, Ayiti____(TRiboLAND) Gang ak gwo zam manch long ke pèsòn pa rive idantifye k ap pyafe nan zòn sid kapital peyi Dayiti, vide anba bal Rodney, yon responsab “Rendez-vous Otèl” san konte kidnape madanm li egalman nan komin Kafou.

Evènman tèrib sa a pase nan Bwochèt 99, jounen dimanch 14 avril 2024 la. Dapwè enfòmasyon Amerik info7 pibliye, PDG depo ” Le silence” lan ki chita kòl nan Kot Plaj 18, bab pou bab ak sikisal Natcom Kafou a, resevwa anviwon 2 bal.

Pou koulya, Rodney ap resevwa swen sou kabann lopital, pandan madanm li menm anba men ravisè sangwen yo.

Comments are closed.