Pòdpè: FJMS selebre 17 lane li atravè yon pwogram sosyo kiltirèl

806

04 -13 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Fanmiy Jivenil pou yon Meyè Sosyete (FJMS), selebre 17è lane egzistans li jounen samdi 13 avril 2024 la, atravè yon pwogram sosyo kiltirèl nan Royal Tropical. Yon inisyativ ki te pran anba lobedyans Evens Legiste pou konbat delenkans Jivenil nan zòn lakay li sou Kanal.

Yon aktivite ki reyisi gras ak sipò plis pase 10 group ki vin fete ak FJMS, tankou: Top Akabi, Ketou Dans, CASTI Dans pou-n site sa yo sèlman.

Group sa ki gen nan li plizyè seksyon tankou: kòdonè, majorèt e club pou-n site sa yo sèlman, te pran nesans nan lane 2007 yon fason pou te kenbe jèn yo nan yon seri anbyans sou plan sosyal, pou evite yo pran move direksyon.

Daprè sa detay ki soti nan bouch Kòdonatè Jeneral FJMS la, Evens Legiste te pran inisyativ sa tou pou jèn yo paske zòn kote li leve a se yon katye popilè kote jèn yo souvan tonbe nan tout briganday; konsa, li te mete fanmiy sa sou pye pou pèmèt li ede jèn yo pran lòt direksyon.

Comments are closed.