Pòt Biwo Nasyonal Egzamen Leta branch Nòdwès fèmen depi yon bon bout tan pou fabrikasyon fo loreya.

719

04 – 12 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Dosye fabrikasyon fo loreya nan depatman Nòdwès la pa sispann klèwonnen nan dènye jou sa yo nan vil Pòdpè.

Pòt biwo Nasyonal Egzamen Leta branch Nòdwès yo fèmen depi yon bon bout tan nan site Kapwa Lamò a, pou zafè fabrikasyon fo loreya.

Enfòmasyon k ap klèwonnen yo ta fè kwè, depi anviwon plizyè deseni, gwo potanta ki gen lekòl yo nan tèt kole ak kèk paran ki posede ti kichòy nan konfyolo ak responsab (BINEXE) branch Nòdwès yo, pou fè ti moun pase kòm loreya.

Mekontan kont seri aksyon malonèt sa yo, plizyè sitwayen ak pwofesè nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan vil Pòdpè mande ak Ministè Edikasyon Nasyonal nan tèt kole ak lajistis pou fè limyè sou dosye sila.

Comments are closed.