Sekirite : Arestasyon Damier, yon jèn gason tèt pa dwàt nan Chansòlm

11/22/2026
Chansòlm, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan Chansòlm arive entèpele yon jèn gason ke yo rele Damier kòm yon sispèk, toupre Sous Mikè. Enfòmasyon ki rive jwen TRiboLAND.com, fè eta de yon jèn gason ki ta sanble tchabwe (tèt cho) e li orijinè lokalite Byon. Plizyè temwanyaj ta vle fè kwè ke yo rekonèt li. Akoz defo idantifikasyon, otorite yo oblije mete nan gadavi sou-komisarya Chansòlm la, pou swit nesesè. Sepandan, nan valiz li, yon kouto avèk 2 bousta gaz ak kèk tabak e yon mouchwa wouj.
Plizyè moun ta dekri envidi a kòm yon moun tchabwe, sa vle di bonnanj li ta pati. Li trè dosil e li pa agresif. Li se pitit yon fi ki rele Florida e papa li rele Olvy ki genyen ti non ki rele Dyobi, li se yon kòk mò nan simityè Byon an. Famiy lan rete toupre lekòl nasyonal Byon an. Alòske genyen lòt moun ki ankouraje otorite yo nan Chansòlm kenbe li pou plis envèstigasyon.
Nan fouye zo nan kalalou, sispèk la ki ap viv nan yon lokalite ki rele Labwi, premye seksyon Byon, komin Chansòl, te fè etid li Pòdpè; akoz pwoblèm bonnanj, le te oblije retounen al jwen famiy li andeyò. Pou anpil moun, otorite yon genyen anpil enterè nan moman sa pou inosan pa peye pou koupab; paralèlman pi gwo kesyon an, se chèche etabli ki sa mouchwa wouj, boustè gaz, yon kouto reprezante pou jèn gason an antan ke moun tèt pa dwàt?






