Òganizasyon Fòs Nou ak alye li yo reyisi premyè jounen manifestasyon yo pou jounen mèkredi 31 janvye 2024 la.

987

01 – 31 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Jan sa te anonse pou jounen mèkredi 31 janvye 2024 la, òganizasyon Fòs Nòdwès Ini ak alye li yo foule beton an pou egzije depa ekip defakto Ariel Henry a ak tout akolit li yo.

Manifestasyon an ki ta pral demare anba lavil, pase sant vil, te gen pou yonn nan objektif, kraze pòs piyaj ajan egzekitif enterimè komin Pòdpè a, Josué Alusma kap piye popilasyon an, e sa rive fèt jan li te prevwa a.

Dezòmè pòs ransonaj Josué Alusma a pa egziste ankò, se pèp la ki deside bwote konntenè a epi lagel nan lamè. Mobilizasyon an pap kanpe, fòs nou ak alye li yo bay pèp la randevou apati kòmansman premyè semèn mwa fevriye a pou yo kontinye okipe lari a jiskaske ekip ki sou pouvwa lage pye yo.

Comments are closed.