Otorite Nòdwès yo ap antreprann yon seri operasyon “annafè pa dòmi di” nan divès rejyon nan depatman an

253

11\22\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan kad operasyon zero tolerans ke Minis Jistis la ak Sekirite Piblik la, Mèt Rock Feller Vincent deside enplemante nan tout 18 juridiksyon peyi a, ta sanble kòmanse rann lavi annafè yo enposib.

Jodi dimanch 22 novanm 2020 an, otorite yo nan nòdwès antame yon operasyon “douvajou ak anafè pa dòmi di,” se yon veritab operasyon mache pran atravè peyi a pou rele chalbarik dèyè vèmin ki achte juridiksyon peyi a lajan kontan, notamman nan vil Pòdpè, kote ke divès inite tankou; BLTS, Marine, Jij Paul Blanc ak konplisite Konmisè gouvènman an, Mèt Bellamin Volney Jean bay yon visit douvanjou nan chèche boske tout sispèk ak eleman dezirab, bòzè, krakè ak drogè kap promote briganday tout kalite fas ak yon jenès ki deja ap pouri nan diferan kontre depatmantal yo.

Operasyon jounen dimanch 22 novanm 2020 an te gen yon karaktè sanzatann. Responsab yo te kòmanse depi 2: 00 nan maten pou al bout jiska 6:00 nan menm maten an. Sib yo te plis chita nan riyèl Similien ak dè Ti Pòdpè kote ke otorite yo arive sezi 410 gram marijuana, gde 1900 e mete anba kòd Olibrice Renaud, 27 lane ak Monique Caty, 40 lane pou trafik dròg ak itilizasyon sibstans ilisit.

Yon lòt annafè ankò gen pou wè avèk Gerta Calixte, 49 lane ke yo arive jwen nan Ri Twa Gras; Gerta ki se madanm Jean Robert Petit, tap fè mawonnaj depi yon bon bout tan nan moman Pakè Pòdpè tap chèche’l tankou chyen fou depi 27 desanm 2019 pou trafik dròg ou sibstans ilisit.

Comments are closed.