Jounalis envèstigatè fwansè ki te lonje dwat jouda sou ansyen prezidan Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, kondane pou kòz difamasyon.

810

06-06-2023

Romain Molina kondane pou kòz difamasyon kont ansyen prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyèn nan, Yves Jean-Bart, se yon tribinal nan vil Pari ki rann desizyon an.


Pari, Frans____(TRiboLAND) Gwo eskonbrit yayad seksyèl kite eklate nan mitan jwez ayisyèn yo ta sanble pap rive nan bout li. Lajistis nan peyi Lafrans, patikilyèman nan kapital la, kondane Romain Molina, ke yo ta fè kwè ki difame kont ansyen prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyèn, Dr Yves Jean-Bart, nan lane kite pase yo.

Enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, fè konnen, dosye ansyen prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyèn nan, Dr Yves Jean-Bart, pa piti. Li genyen divès faz, ak divès konplikasyon, ke nap rete tann.

Annatandan, yon lòt faz, nan pwosè a, kondane a ki se, Romain Molina, genyen gwo dout sou desizyon tribinal la, ki ta antann pwoteje yon delenkan kap pwatike yayad seksyèl sou ti lèzanj inosan.

Comments are closed.