9 Desanm : jounen entènasyonal Lit Kont “KÒRIPSYON”

1,290

“Ini mond lan kont koripsyon”, se nan objektif sa a ONU, ta pral deside konsakre dat 9 desanm nan, kòm jounen entènasyonal Lit Kont Koripsyon.

12-09-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jounen jodia vandredi 9 desanm 2022 a, majorite peyi sou plan la ap fè fas ak kòripsyon.; yon fenomèn ki anpeche divès peyi progrese vwa pou yo ta atenn yon nivo devlopman.

Kòrispsyon an, se yon flewo sosyal, politiko-ekonomik, ki kapab genyen enpak sou yon sosyete nan kreye enstabilite ak ensekirite ki pa danse kole ak devlopman ekonomik ni ak Dwà etatik.

Nan peyi Dayiti, pou anpil moun koripsyon an, se yon gwo maladi fanm ak nèg soufri e ki, kenbe peyi a nan bafon soudevlopman epi lage, tout ayisyen nan mizèrere. Soulinye divès gwo magogo tankou : Fon Petwo Karibe, CIRH, ak divès lòt, se kòb ki tap ka ogmante ekonomi peyi Dayiti epi kreye richès ak devlopman alon tèm.

Òganizasyon Nasyon zini, deklare jounen 9 desanm lan “Jounen Entènasyonal Lit Kont Koripsyon”, depi anviwon 20 lane; se yon mannyè pou kapab sansibilize divès peyi nan mond lan pou yo kapab konnen non sèlman kòman pou yo batay kont flewo sa, men tou, raple yo wòl konvansyon ONU an nan zafè kòrispsyon.

Se nan sans sa, peyi Kanada nan tèt kole ak Etazini ta sanble detèmine pou tape anpil politisyen, boujwa, e gagotè kriminèl, chat mawon, vòlò kidnapè ki arive efondre Ayiti nan KÒRIPSYON”.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.