Avan menm Ayiti antre nan sezon siklonik lan, previzyon metewolojik yo deja antisipe move tan nan fen mwa me a

245
0
Share:
TRiboLAND

05 – 20 – 2024

Potopwens, Ayiti ___(TRiboLAND) Pou fen mwa me a, gen move tan ki deja ap ranje kò-l pou pote anpil lapli sou plizyè peyi nan Karayib la, tankou: Pòtoriko, Kiba, Repiblik Dominikèn ak Ayiti.

Tou pwòch sezon siklonik lan kap kòmanse, soti premye jen pou rive 30 novanm, aloske peyi Dayiti toujou vilnerab chak fwa gen katastwòf natirèl kap manifeste.

Divès òganizasyon kòmanse lanse SOS ak tout moun ki rete toupre ravin, rivyè, nan mòn pou mete yo a la bwi pou sizoka 4 ta mare 3 nan moman move tan.

Nap raple nan jou ki sot pase yo, move tan te fwape divès zòn nan peyia tankou : Kap-Ayisyen ak Pòdpè, kote gen divès moun ki te mouri nan glisman tèren.

Jis koulya gen plizyè zòn nan peyia, moun yo poko konn si ta gen move tan kote pou yo kouri paske otorite yo ponkò vrèman mete abri pwovizwa pou moun al refije nan moman move tan. A ta menm yon espòt sansiblizasyon pwoteksyon sivil poko mete deyò pou enfòme popilasyon sou anyen pou sezon siklonik lan. Ke Bondye pwoteje Ayiti!



Share:

Leave a reply