Belè Batay Gang: Malfwachyen touye e bwile tou vif yon manman ak tout yon bebe ki genyen 8 jou

1,000

03-15-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Malfrachyen touye e bwile tou vif yon dam ki apènn sot akouche ak tout yon bebe nan Bèlè yè madi ki te 7 mas 2023 a, nan moman te genyen gro masak ant plizyè group gang sangwen nan lokalite a. Selon sa plisyè temwen viktim ta fè konnen, yo poko wè dènye modèl krim tèrib ou odye sa anba je limonite.

Malere sila ki jwen lanmò li, vinn ogmante yon swasanndis moun ki jwenn lanmò yo san konte plis pase yon senkantèn ki pòte dispari pandan masak sila, daprè sa Réseau National de Défense des Droits Humains (RNDDH) anrejistre.

Pou Pierre Espérance, ki se alatèt estrikti sila kap defann dwà moun, katchouboumbe masak nan Bèlè a genyen anpil pou wè avèk ti pousyè lajan ke yon manm nan kabinè kòwopi PM Ariel Henry a te simaye nan mitan diferan group gang yo ki te okazyone yo te pete kòken antre yo nan peryòd kanaval la.

Konsa, li pa yon sekrè pou pèsònn moun, ke group gang yo ak tout gouvènman anplas la se 2 pwason kraze nan bouyon gang!

Comments are closed.