Tigwav Aksidan sikilasyon : yon moun mouri, 2 lòt blese gravman grav

217
0
Share:
TRiboLAND

25-02-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon moun mouri, 2 lòt blese gravman grav, se bilan pasyèl yon aksidan sikilasyon ki pwodwi sou wout nasyonal nimewo 2 a, aprèmidi samdi 25 fevriye 2023 a, nan Kafou Ri èvin, youn nan rantre vil Tigwav la.

Selon pwòch viktim yo, aksidan sa a rive nan moman yon fanmi ki konpoze 3 manm: yon manman ak 2 pitit fi kite sou yon moto taksi tap rann yo nan komin Leyogan. Se konsa, lè yo rive nan Kafou Dèvin, youn nan rantre vil Tigwav; yon trelè ki pote siman ki tap soti nan direksyon Pòtoprèns, rantre sou yo epi touye manman sou plase krabinen e kraze tout sa ki te anndan kò viktim. Alòske 2 lòt (2  sè yo) yo blese gravman grav.

Aksidan sikilasyon sila lage dlo nan je majorite moun nan popilasyon an, ki t’al founi je gade fason moun yo viktim nan lopital jeneral Tigwav la. Popilasyon an pat mete dlo nan bouch li pou li te salanbe chofè kamyon trelè a, yo di ki deliberaman aji ak enpridans ki pèmèt li rante sou moun yo.

Nap fè remake, genyen youn nan demwazèl yo ki transfere nan lopital nan kapital la vè 4 trè edmi akòz ka li te reyèlman grav.

JOICY Arnold

Share:

Leave a reply