Konfli ouvè ant delege depatmantal ak direktè depatmantal PNH Grandans lan.

804

04 – 12 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Yon gro konfli eklate ant delege depatmantal Grandans lan, Paulemont Michel fas ak direktè depatmantal PNH Grandans lan, Louis Edner Yacinthe.

Deblozaj yo pete, touswit aprè delege depatmantal Grandans lan, Paulemont Michel sezi yon konntenè koulè blan. Selon enfòmasyon yo, se yon kontenè ke direktè depatmantal PNH Grandans lan Louis Edner Yacinthe, ta pwal voye bay yon komèsan, nan komin Bomon. 

Delege a, kite akonpaye ekip politik li, jij depè komin Jeremi an, non sèlman arete kamyon trelè ki tap transpòte konntenè anan komin Bomon, men te fè jij depè a fè konsta, ak konfiske konntenè a nan lakou delegasyon depatmantal Grandans lan.

Pandan menm jounen an jodi jedi 11 avril 2024 la, yon gwoup moun ki opoze ak prezans Louis Edner Yacinthe, kòm chèf lapolis nan Grandans, òganize yon mouvman, e yo te rann nan lakou direksyon depatmantal enstitisyon polis la nan Grandans, pou al chache direktè Louis Edner Yacinthe ke yo akize kòm volè konntenè.

Nap raple, konntenè koulè blanch sila la, depi sou peryòd MINUSTAH kòm yon don materyèl ke misyon an tef è lapolis nasyonal. Gwoup manifestan yo mande revokasyon san kondisyon direktè depatmantal PNH lan, Louis Edner Yacinthe.

Nap raple, Louis Edner Yacinthe te genyen gro ramifikasyon ak gang Ti Bwadòm, lè li te nan Nòdwès peyia. Aktivite danse kole ak gang, se te yon fason pou li te toujou jwen fasilite pou kite yon seri kontenè komèsan pase, pandan lap chaje malere yo konbyen milye dola vèt.

Louis Edner Yacinthe, se yon kansè ou yon gang PNH. Dega bagay sa fè nan Nòdwès peyi a, pa genyen bouch pou pale la! Li ta sanble se nan move kondisyon sa yo li fè gwo magogo nan bay gang pasaj yon fason pou li fè fòtinn ak kontenè komèsan yo.

Comments are closed.