Lapolis nan vil Kap-Ayisyen fouke yon koure nan zòn Avyasyon.

798

04 – 12 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan PNH yo pa chome nan 2è vil peyi Dayiti. Nan kad yon operasyon ajan PNH yo tanmen depi plizyè jou nan vil Kap-Ayisyen, yo rive poze lapat sou Eder Telford, yon bandi notwa ki tap opere nan gang zòn Avyasyon, ri Dèmirak.

Enfòmasyon ki rive jwenn korespondan TRiboLAND yo ta fè kwè, Eder Telford se yon bandi ki espesyalize li nan brakaj, touye moun ak kout kouto, zam blanch, vòlò valiz ak tout kalite eskonbrit li taka jwenn sou wout li.

Eder Telford ki pa nan bese triye, pat ezite menm yon segong, dapwè enfòmasyon kèk jounalis pataje ak sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, kase lokal konpayi lokasyon ki rele Flex taxi a, nan zòn Avyasyon.

Nan moman n’ap pale la, gwo koure a deja anba men lapolis nan vil Kap-Ayisyen pou al reponn kesyon komisè gouvènman pakè Okap la, Charles Edouard Durand.

Comments are closed.