5 ajan BSAP (Brigade de Sécurité des Aires Protégées) egzekite nan komin Petyonvil

943

02 – 07 – 2024

Petyonvil, Ayiti_____(TRiboLAND) 5 ajan BSAP egzekite jounen mèkredi 7 fevriye 2024 la, nan komin Petyonvil, dapwè plizyè sous polisyè.

Enfòmasyon ke TRiboLAND arive entèsepte ta fè eta 11 ajan BSAP ki te abò yon machinn kite soti Jakmèl e kandale nan zònn Malanga yon fason pout e evite wout pikan kwannan gang yo nan Maryani ak Matisan, tonbe nan yon zatrap yon inite ke direktè polis la, Frantz Elbe te apènn mete sou pye.

Konsa, nan moman yo tap kandale desann zònn pèleren, inite sangwen yo ouvè zam sou yo san oken fòm pwosè ou echanj kout zam, selon temwen ki endinye fas ak yon parèy dram. 5 nan yo arive mouri, plizyè nan yo blese e arete, alòske 3 nan yo arive chape poul yo. Kèk medya lokal arive identifye viktim yo sou non: Mackendy, TiKout, Thomas, Pyram ak 4 X 4.

Konsa, gwo tansyon sou evantyèl boukantaj kout zam pa sispann bay kè sote nan moman pèp ayisyen ap kore BSAP yon fason pou bat tènèn dèyè sangwen ki sou pouvwa a, ki pran’l kòm byen manman yo ak papa yo.

Sepandan, anpil moun rete kwè nan dènye èdtan sa yo reyaksyon responsab BSAP yo pral fè santi li; yon reyaksyon ki petèt kapab genyen yon gou anmè nan bouch sangwen ki mele ak entènasyonal la ki vle eradike popilasyon ayisyèn nan, dapwè Silas, yon militan politik nan Delma ki denonse tantativ lapolis pout e antere kadav ajan BSAP yo san remèt yo bay fanmiy yo.

Comments are closed.