“Église Nouvelle Mission Baptiste Haïtienne” òdone 5 nouvo Pastè

959

“Église Nouvelle Mission Baptiste Haïtienne” òdone 5 nouvo Pastè

04-11-2024

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) L’Église Nouvelle Mission Baptiste Haïtienne òdone 5 nouvo Pastè jodi jedi 11 avril 2024 la, nan “Église Chretienne Sun Light”, ki trouve-l nan Chalè. Frè Elidor Wilson, Gérard D. Blanc, Alain Philistin, Bayès Chernet ak François Elusnor se non nouvo Pastè yo.

Aprè Pastè Francklin ki se Sekretè ak Rapòtè misyon an te fin pwoklame lafwa frè yo, depi yo te antre legliz jiska seremoni an, Reveran te poze yon asanb kesyon ki te genyen pou wè avèk sa ki te kapab mete yon anpèchman pou frè yo òdone kòm Pastè. Pat gen oken objeksyon.

Nan deklarasyon Pastè Francklin, li di mesye yo, yo pral pran yon angajman se pa yon ti angajman piti. Li kontinye mande yo, Èske reyèlman vre se Granmèt la ki rele yo? Konsa, yo te reponn wi. Èske yo pral sèvi legliz la nan iminite, pandan yap tounen modèl nan tout sans? Yo te reponn li wi. Pou fini li mande yo, eske yo pral travay tankou bon sòlda Jezi Kris atravè bon jan akonpayman yo pral bay fidèl yo? Yo te toujou kontinye reponn li wi.

Pastè yo òdone ak pran angajman pi fon nan Legliz la, yon fason pou al ede fidèl yo grandi lafwa yo nan BonDye atravè Legliz yo pral travay. Nouvo Pastè yo pwomèt yo pral travay daprè pwensip Legliz la, ki chita sou pawòl BonDye, nan bon jan akonpayman yo pral bay fidèl yo.

Omeli sikonstans lan te fèt anba lobedyans Rev Pastè Bishop Exanté Chérélus, ki gen 51 lane nan minister. Li te avèti nouvo Pastè yo, travay sila pral bay anpil ènmi. Pèp yo pral dirije a, se pèp BonDye. Piga yo awogan; li pi bon pou yo kite sajès ak konpreyansyon triyonfe. Yon maksimòm respè ak imilite se sa ki konte. Finalman, li mande yo rete fidèl ak ministè a.

Divès fanmiy, zanmi ak fidèl Legliz “Nouvelle Mission Baptiste Haïtienne” te reponn prezan pou asiste grand seremoni òdinasyon sila ki te rasanble yon latriye moun.

Comments are closed.