Komisè Gouvènman Pakè Pòdpe a, Mèt Félix Applys tande Jounalis Majuste Myrlantha

1,041

04 – 08 – 2024

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Sou demand Jimmy Alfred, Jimmy Gérôme ak Jean Louis Kervens, komisè Félix Applys tande Jounalis Majuste Myrlantha jodi lendi 08 avril 2024 la. Mesye sa yo ki se Coach ak pwofesè EPS nan plizyè lekòl nan vil Pòdpè, te pote plent aprè Jounalis la te fè plizyè piblikasyon sou Facebook ki te endekse yo kòm moun ki gen lajan ki ta lye ak Lig Foutbòl Pòdpe a, pou te fè liv EPS.

Trè konfyan, Jounalis la te reponn ak envitasyon an. Pandan plizyè repriz KG a te mande-l èske li rekonèt piblikasyon mesye yo reproche-l, li reponn komisè a “wi”. Konsa, Aprè tout moun annafè yo te retounen lakay yo, men pa genyen oken desizyon ki te pran. Yon sitiyasyon ki ta fè anpil moun kwè dosye a ka al nan tribinal koreksyonèl.

Jounalis Majuste Myrlantha, nan kad entèvansyon li ak plizyè konfrè Laprès, deklare ke li pa gen oken enkyetid paske li pa fè manti, li fè travay li kòm Jounalis ki se pèmèt popilasyon an enfòme sou tout bagay ki konsène li. Li pa bay manti sou pèsòn paske li gen ase agiman pou pwouve ke mesye yo genyen maggo nan men yo ki lye ak Lig Foutbòl Pòdpè a.

Konfyan pou toujou rete disponib pou lajistis, Jounalis Majuste Myrlantha rete kwè li genyen bonjan kichòy jistifikatif nan men li ki kapab pwouve aksyon mesye yo. Nap raple bagay eskonbwit zen pete sa, rive aprè divès diskisyon ou denonsyasyon ant divès pèsonalite tankou, ansyen Prezidan Lig Foutbòl Pòdpe a, Direktè depatmantal MJSAC Nòdwès la, e latriye. ‎

Comments are closed.