Pon Ri Kapwa nan zòn kay Elina pral fèt gras ak sipò yon pitit Ri Kapwa

835

04 – 19 – 2024

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Konstwi sou premye mandan ansyen Majistra Morange Petit, ki vin nan yon sitiyasyon kritik depi yon bon bout tan, pon Ri Kapwa ki fèt sou Kanal ki soti nan Demelis pou tonbe lage nan zòn Dèti Pòdpe, pral fèt gras ak sipò Aliv Moricette.

Pon an ak Kanal la ki plen nan menm nivo ak lari a, pèmèt moun nan Ri Kapwa ak zòn anviwonant yo pa sispann konnen gwo difikilte chak fwa DINEPA lage dlo a, nou pa bezwen di pou lè lapli tonbe.

Daprè detay kolaboratè TRiboLAND yo jwenn nan men Delege Depatmantal Nòdwès la, Wesley Dordoille ki se fè Aliv, “tout detay pou konstwi pon an deja la, avan menm pwosesis pou kraze li a, yon bon pati nan Kanal la pral netwaye pou fasilite travay yo avanse”, daprè Dordoille ki tap depoze. Travay yo te dwe demare jounen jedi 18 avril 2024 la, alòske, tan an te parèt yon ti jan demwazèl.

Nap raple, ipwojè pon Ri Kapwa a, se inisyativ Madam Aliv Moricette ki se pitit Ri Kapwa kap viv nan diaspora. Li arive finanse yon parèy pwojè, gras ak sipò etidyan Ailiv Health Institute yo.

Comments are closed.