Elèv lekòl piblik yo nan Grandans mande pwofesè yo pou vinn fè lekòl nan etablisman leta yo.

438
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Depi kòmansman mwa janvye 2025 lan, prezans pwofesè lekòl piblik yo nan Jeremi ak tout lòt komin nan depatman Grandans lan, vinn chak jou pi difisil pou wè. Elèv lise yo, ki te vizite nouvo direktè depatmantal edikasyon nasyonal la, nan Grandans, mande direktè pwofèsè Georges Jean Barth, pou asime responsabilite-‘l kòm otorite leta ki dwe siveye bòn mach systèm edikatif lan.

Elèv lise sitou, ki pwal nan ekzamen ofisyèl leta a, pa twò lontan sa, pwomèt nan jou kap vini yo, pou itilize tout mwayen demokratik e pasifik pou ke yo genyen aksè ak ti moso pen enstriksyon ; menmjan ak petit fanm ak gason ki genyen gwo mwayen ekonomik nan sosyete grandanslèz lan.

Pandan ke elèv lekòl piblik yo kondane atitid ak san konsyans pwofesyonèl mesye dam anseyant ak anseyan yo, chak mwa ki kontante yo ap touche chèk leta a, san ke yo pa mete pwent pye yo nan etablisman piblik yo; tandike yo pwezan nan prive soti lendi pou bout vendredi.

Share:

Leave a reply