Gwoup gang sangwen nan Kanaran kraze sou komisarya Bon Repo a.

923

04 – 08 – 2024

Kwadèboukè, Ayiti___(TRiboLAND) Gang sangwen ame nan Kanaran ki genyen nan tèt yo Jeff ensikoni, kraze an miyèt moso, sou komisarya Bon Repo a, ak yon lode.

Kèk kòlèg jounalis k ap swiv sèn tèrib sa a, fè konnen bandi yo kòmanse pete kout bal depi nan entèval 12h jis rive devan jou maten lendi 8 avril 2024 la.

N ap raple’w, Lanmò 100 jou ak Jeff Kanaran fè konnen, toutotan yo gen zam nan men yo, komin kwadèboukè pap gen prizon ni sou komisarya.

Comments are closed.