Me ki sa TRiboLAND konnen nan avan pwojè Konstitisyon an ki gen pou prezante bay gran piblik la

232

TRiboLAND.com

01/09/21

  • Tèks la prevwa yon egzekitif monosefal; Prezidan Repiblik la ap genyen yon chapo chèf deta ak chèf gouvènman.
  • Palman an pral fonksyone an monokameral e pap genyen gro chanm.
  • Imunite palmantè ap sèlman kouvwi zak ki makònen ak estate palmantè. A kote sa, tout lòt zak dwe al reponn nan nenpòt tribunal pou dwa komen.
  • Yon kad legal pràl proteje konsomatè yo kont enjistis yon seri klas dominant kap monopolize e kontwole pri pwodwi sou mache a.
  • Tout moun ki desandan ayisyen gen pwovisyon legal pou jistifye ou renonse a nasyonalite yo.
  • Pou renonse nasyonalite ayisyèn you moun dwe antame yon seri demach nan tribunal ki konpetan.
  • Depute elu yo ap genyen yon manda pou 5 lane.
  • Tout koròm pase a yon tyè yon fason pou fasilite seyans yo pran jarèt.
  • Leta ap ranbouse sèlman depans kanpay 3 premye pati politik ki antèt nan eleksyon yo.
  • Egzijans yon “Asanble Munisipal” pou komin ki genyen ant 50 a 100 mil abitan.
  • Yon Lekòl majistrati ap gen poufè nominasyon jij yo de preferans.
  • Pou fasilite alyans ant diferan pati politik, ap genyen yon sèl “tour eleksyon.”
  • Nouvo preskri a ap suprime konsèy 3 mam pou kolektivite tèritoryàl yo; l’ap redwi a yon sèl majistra pou yon munisipal.
  • Komite Konsiltatif kap travay sou nouvo Manman Law a, kontinye ap fè pase men sou yon parèy dokiman avan li prezante’l bay gran piblik la.

Comments are closed.