Gouvènman defakto Jovenel-Jouthe la fè fèmen Jij Yvickel Dabrézil ak tout swadizan konplotè koudeta yo nan prizon Sivil Kwà Dèboukè

215

02/09/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Gouvènman defakto Jovenel-Jouthe la arive jodi madi 9 fevriye 2021 an fè anpil bwàs pou fèmen jij Yvickel D. Dabrézil ak tout lòt latriye moun yo akize nan lòbèy koudeta PHTK a.

Antouka, dosye jij Dabrézil la defere nan kabinè enstriksyon tribinal pwemye enstans Kwa Dèboukè selon sa ke otorite konsène yo fè konnen.

Enfòmasyon ke TRiboLAND ka fè konfyans, fè eta de yon manda depo ke pakè Kwa Dèboukè a emèt kont jij Dabrézil ak tout latriye moun ke yo te arete nan Ti Bwà nan Tabarre dimanch pase ki te 7 fevriye 2021.

Paske Mèt Yvickel Dabrézil pat asèpte reponn kesyon nan DCPJ, pakè tribinal Kwa Dèboukè a te trouve’l nan antòtye pou drese yon pwosè vèbal konplè; konsa, Komisè gouvènman an, Mèt Edler Guillaume deside voye nan depo Majistra Dabrézil ak tout swadizan reselè yo.

Comments are closed.