Plizyè peyi nan Karayib la koupe relasyon diplomatik yo avèk peyi Ekwatè.

826

04 – 06 – 2024

Ekwatè, Kito___(TRiboLAND) Plizyè peyi nan Karayib la pami yo, Meksik ak Nikaragwa, pa deside danse kole ak peyi Ekwatè saki lakòz yo mete bout ak relasyon diplomatik yo.

Seri desizyon sa yo vini swit ak brigandaj polisye ekatoryen yo te rive fè nan Anbasab peyi Meksik nan lanwit 5 pou leve 6 avril 2024 la.

Prezidan Nikaragweyen an, Daniel Ortega bò kote pal, estomake pou tèt polisye ekwatoryen yo oze anvayi Anbasab Meksik la, pou mare kou krab, ansyen vis prezidan ekwatoryen an, Jorge Glas.

Konsidere Anbasab yon peyi kòm yon espas pwoteje, se pou rezon sa yo, 2 peyi yo deside san pèdi tan, koupe relasyon diplomatik yo te genyen ak peyi Ekwatè, jounen samdi 6 avril 2024 la, atravè yon kominike.



Comments are closed.