Jeremi : Ansyen pwezidan pwovizwa, Jocelerme Privert vizite divès seksyon kominal

149
0
Share:
TRiboLAND

09 – 12 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Ansyen pwezidan pwovizwa Jocelerme Privert vizite divès seksyon kominal Jeremi, tankou premye seksyon kominal Jeremi Testas, lokalite Sentann. Ansyen prezidan pwovizwa a te chita pale ak peyizan yo e ankouraje yo al anrejistre nan sant anrejistreman elektè yo, yon fason pou al patisipe nan eleksyon jeneral ki genyen pou òganize nan depatman Grandans lan.

Lidè gwoupman Ayiti Transfòme a, Jocelerme Privert, nan kad bwase lide ak sitwayènn ak sitwayen yo, deklare kandidati li pou pòs prezidan anba banyè gwoupman politik (Ayiti Transfòme). Sepandan, mesye Privert fè konnen ke genyen anpil anòmali nan dekrè elektoral 2026 lan ki dwe korije jis pou fasilite plis kandida genyen posibilite pou enskri kòm kandida.

Kanta kesyon pwoblèm ensekirite ki poze a, ansyen pwezidan pwovizwa Repiblik la fè konnen lè pèp aysyen bezwen regle tout lòt aktivite, yo jwenn sekirite; pa kesyon pou moun ap poze pwoblèm ensekirite kòm pretèsk pou eleksyon pa òganize nan peyi a.

Nap raple, ansyen pwezidan Jocelerme Privert te arive òganize eleksyon anndan peyi Dayiti avèk pwòp tchotcho peyi a, san èd enfliyansè donatè entènasyonal yo; sepandan, sa pa anpeche li pami politisyen tradisyonèl rasi ki kontribye nan efondreman peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply