Sanksyon Luis Abinader yo tounen jwèt timoun, se avèk lawont lap retounen sou disizyon li yo ki san nannan

1,126

10-30-2023

Santodomengo, RD______(TRiboLAND) Si ou pa genyen kè, pa jwe poke! Sanksyon Luis Abinader te pwan kont peyi Dayiti pou konstriksyon kanal Rivyè Masak la, ap mal pase. Li ap trese lèl pou li retire yo, avèk anpil lawont ak anbarasman.

Antoukou, apwè li te deklare ke li kreye  yon koridò lòbèy e renouvle swadizan yon pak pou fasilite legalizasyon yon seri imigran ayisyen e dote yo bon tretman grese sere, koulya, li repwan aktivite transpò ayeryèn ke li te sispann avèk Ayiti inilateralman, anba yon rezolisyon (234-2023) tèt chat e san nannan ke Jent Avyasyon Sivil la te adopte.

Antouka, rewouvèti operasyon vòl pawezaj yo ak repiblik Dayiti jounen jodia, pa fè popilasyon ayisyèn ni cho e ni fwèt. Okontrè, avèk “dosye san” kontamine ak viris Sida ki soti nan repiblik dominikèn, mete ayisyen yo men yo; e menm genyen gwo panik, paske yo pa konnen depi kilè “biznis lanmò” dominiken sa yo ap enfekte popilasyon ayisyèn nan, yon krim kont limonite ki nesesite entèvansyon yon gwo tribinal entènasyonl.

Yon lòt aspè ki genyen pou wè avèk rewouvèti vòl pawezaj yo, genyen pou wè avèk volim lajan ke gouvènman dominiken an remake ke peyi Nikaragwa ap fè avèk ayisyen kap bay Ayiti do. Li tout ap pwofite rale yon grabday. Yon sous ke TRiboLAND kapab fè konfyans, konfime ke dènye desizyon Ariel pou anpeche avyon vole ale Nikaragwa, genyen anpil pou wè avèk lòt peyi (Etazini, Gwatemala ak Salvadò) ki pete kòken ak jalouzi pou volim  lajan yo wè peyi Nikaragwa ap fè ak imigran ayisyen yo.

Konsa, se tankou yon ti piyay! Yo tout bezwen tire pwofi sou ayisyen yo kap vann sa yo pa menm genyen pou ale lòt bò dlo. Rewouvèti transpò ayeryèn an, ta dwe ranfòse detèminasyon ayisyen yo, pou yo pa janm reve mete pye yo nan yon peyi ki si kriminèl!

Comments are closed.