Yon gwoup migran ayisyen ki te abò yon bis ki tap kite Meksik pou antre Etazini chavire e plizyè moun blese gravman grav

452

07/04/2021

Meksik________(TRiboLAND) Yon bis meksiken ki imatrikile 60-RA-6k ki tap soti Meksik pou antre nan peyi Etazini chavire ak yon latriye ayisyen ki te abò li. Plizyè nan yon blese gravman grav.

Kondisyon viktim yo ak sèn aksidan an, se yon veritab kochma; alòske sèvis anbilansye peyi Meksik te miltipliye bwàs pou pote sekou bay sa yo ki genyen pye kase, ponyèt kase ak bouch rache. Konsa, yo te transpòte yo pou swenyàj nan sant medikal ki pi rapwoche a.

Dapwè temwen ki te abò, otobis la te pwèske antre nan peyi Etazini. Se bwiskeman nan moman li tap vire nan yon koub ak yon vitès demezure, machin nan chavire ak tout pasajè ki te abò li. Yon lòt dràm pou pèp ayisyen kap pran imilyasyon ak tray kòm jwif eran nan lòt peyi.

Eskize nou paske video a trè grafik!

Comments are closed.