Amerik Santral: Yon gwo gwoudou gwoudou fwape zònn sid peyi Meksik, alèt tsunami

308

Meksiko____(TRiboLAND) Yon mechan gwoudou gwoudou magnitid 7,5 sou echèl Richter a fwape maten an zònn sid peyi Meksik dapwè Sèvis Sismolojik Nasyonal akonpanye ak yon alèt tsunami.

Episant aktivite latè tranble a chita nan lokalite bò lanmè Crucecita, nan Eta Oaxaca nan blòk pasifik la, dapwè sa enstiti a fè konnen. Plizyè katye te santi lakilbit la nan kapital la ki se Meksiko. Jiska pwezan kantite viktim yo poko revele.

Alèt tsunami te deklentche nan Amerik Santral la apwè sekouse la, dapwè enstiti sismolojik ameriken an. Plizyè Meksiken te oblije alète anba gwo kout siren ki pat sispann rezone nan Meksiko, yo te oblije pran lari pou yo.

Comments are closed.