Ansyen komisè Gouvènman Pakè Pòdpe a, Mèt Michelet Virgile retounen nan selil prizon aprè evazyon Penitansye nasyonal la

847

04 – 06 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Mèt Michelet Virgile retounen nan selil prizon, aprè li te evade nan atak gang ame te fè sou penitansye nasyonal nan dat 2 mas 2024 la. Ansyen komisè Virgile te gaye nan lanati tankou majorite prizonye ki te chape poul yo nan pi gwo prizon peyia. Se Avoka li, Mèt Dieuné Virgile ki konfime enfòmasyon an.

Ansyen Komisè a te ekri otorite yo, pou anonse yo lap rann tèt li bay Lapolis e mete li disponib pou Lajistis nan dat 11 mas 2024, pandan li te deklare ke li te kite prizon an pou te ka pwoteje tèt li.

Daprè Mèt Dieunel Virgile, gen yon Jij Depè ki te sou plas pou fè konsta retou ansyen komisè gouvènman evade a nan selil li.

Nap raple, ansyen komisè gouvenman Virgile te enplike nan vil Podpè nan yon dosye trafik zam ak minisyon ilegal ansanm ak boss li, Me Robinson Pierre Louis.

Comments are closed.